💃🎤 Paroles de chanson Française et Internationnales 🎤💃

 A   B   C   D   E   F   G   H   I   J   K   L   M   N   O   P   Q   R   S   T   U   V   W   X   Y   Z   0   1   2   3   4   5   6   7   8   9 
Artiste : Baky
Titre : À L’infini
Manman, si lèzòm pa vle baw jistis pou sa yo fè´w subi
Fòk la nati detwi Lèzòm Avan lavi´w fini
Istwa´w twò tris pou rakonte, yon istwa´m wont ekri

Yon istwa´k a 14 ans jan lavi´w te detwi
Istwa k komanse sa gen 4 mwa depi´w lè´w te viktim
Wap sot lekòl non´w kamyonèt bandi brake sou ou
Yo pran´w yalavè´w, yo fin dwoge´w 6 nèg pase sou ou
Yo frape´w, vyole w, yo kite´w toutouni
Yo kitew sèl, bo lari, yo kite´w pouw mouri
Brize
Wap priye pou laviw pran fin
Menw jwenn kouraj pouw kontinye jiskaske´w vin konnen´w ansent
Ou tèlman wont sa moun ka di ou wont di moun
A 14 ans ‘w paka paran pask´en fait son timoun kap poton Timoun
Laviw depann don komes ki pap fè pwofi
So W´ap fè plan pou´w retire´m paske´w pa ganyen´w ka ofrim

Petèt sa´w viv yo ka denyè souvni´m
4 mwa nan vant ou, m ta vle viv menw pap kite´m so m bay istwa´n kòm yon dènye soupi

Kòm suspann pale depi lè yo manyen li
Kijan pou m ba ou lavi, pandan m pa rete nan mwen
Oh lanmou ou pap janm ouvè je w isit
Se pa sa m ta vle chwazi
Mwen renmen w à l´infini

Alors, Se dènye jou´m nan vi´w dènye fwa nap Pale
Men´w sou vant ou wap woule, ou vle santim Avanm ale
Manman, Sim gon denye bagay poum diw, tankou denye kri
M tap diw kite´m viv, pa vle istwa´n fini an trajedi

M ta vle grandi poum vin ba´w tout sa´w pat genyen
Si Lèzòm se tout sa´w rayi, m ta vle vin tout sa´w ta renmen
M ta vle la lè´w ap tonbe M vle sèvi´w bra´k pou levew
Manman plz , tanpri kite´m viv, kite´m vin edew
Ou diw pa vle pou Lèzòm vin fouyem Non´w twou
Isiba gen twop mechan, Mond sa pa fèt pou moun tankou´n
Petèt non´w lòt vi map bò boke´w
Men´w two renmen´m pouw ta kite sou tè kriyèl sa, tè modi sa pou´m ta mete pye´m
Tant sèkèy piti, w bzwen plis fòs pou´w pote´l
Wap fon mal pou byen, manman´m konnen se pa volonte´w
So m padone´w nenpòt saw deside
Wal jwenn doktè´k pou retirem nan vant ou tankou son pitit ki pat janm egziste

Wap kriye, m santi´m rive bout mwen
Nan vant oum te fin jwenn lavi, la´m pral bay dènye souf mwen
Tout istwa k kòmanse gen yon jou poul fini
Au revwa manman,wa konnen´m te renmen´w à l´infini