Yo di zanj pa ka viv sou tè sa Kisa w vin fè la? Mmmh!
Chak jou m nan lari tank on varye M arive pran yon ban move desizyon nan lavi m
Tout moun te pè pwoche m, yo te konn sa m ye Men m wè tout vye panse m disparèt depi w just kanpe devan mwen
Anh! Lespwa, lespwa, ou reban m Tout moun vle kite m, ou menm ou vle tann Lè lòt moun vle jete m, ou menm ou vle pran m Moun tankou w ret nan syèl, poukisa ou desann?
Èske se Bondye k voye w? Èske se vre ou egziste?
Yo di zanj pa ka viv sou tè sa Kisa w vin fè la? Retounen kote w soti a
Yo di zanj pa ka viv sou tè sa Kisa w vin fè la?
Retounen kote w soti a
Ou rete avè m nan moman defèt mwen Ou ede m kenbe lè m ap pase tray Ou fè m wè valè m lè m pa kwè nan tèt mwen Ou ban m direksyon lè m p ap mache drèt
Ou ede m pase, ou ede m Pouki w vle avè m lè m ap viv n on vye kay? Ou defann dwa m menm lè m devan Leta Pito w retounen nan syèl, kè w twò bon moun pou ret la
Kè w pwòp, ou ret avè menm lè s on nèg pòv Ou aprann mwen li lè lòt t ap di m sòt Ouvri kè w lè yonn pa t ban m bò Oh, Lord!
Èske se Bondye k voye w? Èske se vre ou egziste?
Yo di zanj pa ka viv sou tè sa Kisa w vin fè la? Retounen kote w soti a
Yo di zanj pa ka viv sou tè sa Kisa w vin fè la? Retounen kote w soti a