Si yon jou mwen ta pati byen lwen Fòk nou sonje pwoblèm lavi ki mande sa Ayiti, ou se peyi an mwen Pa g´on rezon k´ap fèm pati pou´m pa tounen Jodi-a m´al travay, m´al travay pou 200 dola
Madanm pou m okipe, telefòn pou mwen peye
Santi kè m kap dechire, zantray mwen kap rache M´sonje´w, m´sonje´w, Ayiti cheri mwen
San kap koule nan venn mwen Chalè solèy ou banm lavi cheri Ayiti, tan pou m kite´w, m´pito mouri cheri Pap sa kenbe, m´bezwen tounen Zantray mwen kap rache Sonje, sonje Ayiti cheri mwen
Valè pale yo pale Valè ranse yo ranse Yo pap kraze Ayiti (Pa gen sa pyès)
Valè pale yo pale
Valè ranse yo ranse Valè pale yo pale Yo pap kraze Ayiti (Ayiti se peyi m, se pa ou anyen...Jezi, Marie, Jozèf)
Se la m kite manmanm, adye Se la m kite papa m, zanmi m, fanmi m Ayiti, mwen pap sa kite ou Chak fwa m sonje´w, se dlo kape koule manmi M´sonje´w m´sonje´w, Ayiti cheri
Jodi a m´al travay, m´al travay pou 200 dola Madanm pou m okipe, telefòn pou mwen peye Santi kè m ap dechire, zantray mwen ap rache M´sonje´w, m´sonje´w, Ayiti cheri mwen
Mwen sonje peyi mwen
Mwen sonje zanmi mwen Mwen sonje fanmi mwen
Mwen sonje peyi mwen Mwen sonje fanmi m Ayiti M´pap sa kenbe...Anmwey!