Nou 2, nou 2 O..sa te kòmanse byen Nou 2, nou 2 Ah..sa te dwe rive lwen
Cheri lanmoun te tankou ‘on ti bato ki t’ap koule Pou l pat fè fon m’te fe 1 an ap voye dlo jete Pote rame, ou te fè m kwè ou te vle f’on kanpe Lè nou echwe, m’reyalize m’te sèl mwen t’ap reve
Nou 2, nou 2 - sa te byen komanse Nou 2, nou 2 - byen lwen n te dwe rive Pouki ou pat rele m pou n te pale, m’ta tande Tankou la sirèn ou vire w’ale Kote ou ye?
Fòk nou pa nye pwoblèm nan la li egziste Se malgre nou ki fè nou oblije kite Kòman sa ye, fò w voye di m sa k’ap pase Lanmou sa pat dwe efase
Kòman ou ye? M’sonje w doudou, msonje w anpil Kòman ou ye?
Han han han
Kote ou ye, kòman ou ye Ou ye, ou ye Kijan ou ye, kote ou ye Ou ye, ou ye
Han, han, han
Si w sou lalin m’ap vinn chèche w M’a al Jipitè, m’poko konn la Manman fò w di m kote ou ye
Nou 2, nou 2 - sa te ka rive lwen Nou 2, nou 2 Pouki ou pat rele m pou n te pale, m’ta tande Nou 2, nou 2 Kou la sirèn ou vire w’ale Kote ou ye? Nou 2, nou 2
Pa kriye (ou pa bezwen rele manman) Lè m’ap dòmi se ou m’ape reve Se vre, se vre, se vre Pa kriye (pa kriye, pa rele, pa kriye) Lè m’ap dòmi se ou m’ape reve
Poukisa se sou m’ape panse, se pou ou m’ape reve
Pa kriye lè m’ap domi se ou m’ape reve (rpt till end) Kote ou ye kijan ou ye Sa k’ap pase? Si se sou lalin ou ye, ma vinn chèche w an verite Chak swa se ou m’ape reve Chak swa se ou m’anvi koke Mwen kriye, mwen rele, mwen kriye mwen rele Pèsonn pa vle tande m