Mwen tap tande yon komedien, yon gran black ameriken Li di pou w vrèman satisfè yon fi anpil rale Mennen vini
Fò w ap chanje tanperaman w an kat gason diferan Ouh oh oh oh
Gen twa bagay byen senp, fi gen kontwòl nèg li trè fasil Sipò ak lwayote nou bezwen epi ba nou lanmou Medam yo se kreyati konplike Se eksperyans kap pale wi tonton
Pou w satisfè yon fanm konplètman fò w kanpe an kat gason diferan Premyeman fò w son sugar daddy, pou yap rele w papi Lasosyete son w gwo dosye chita pou nou tande Zenglen pral eksplike w Men ròl sugar daddy a tande
Yon pèsonaj yon neg aje chita nan kay ap depanse
(Tankou James Nozile) Ba w atansyon tout sa ou vle, li pa bezwen anyen apre
Gason numero de a limenm, son w neg ki fyè pou l gen yon bèl fanm bò kote l. L ap fè tout sakrifis dekouvri Saint Pierre pou kouvri Saint Paul just pou fè manzèl plezi Medam yo konn bezwen on neg ki gen tanperaman konsa. Men wol li jwe
Yon neg ki pa nan fè chèlbè, fè nenpòt jòb bon travayè (Tankou mwen menm Bato) Mennen chache timoun lekòl, lave machin
Kenbe m kenbe m Sa son w flannè k pa negosye
Misye ap fè job wi la Apiye kò w – apiye M anvi danse wi la – kore m (3x)
Gason numero twa, nou menm an jeneral Ayisyen nou pa gen ti pwoblèm sa. Sutou andan djaz sa yo rele Zenglen an, medam yo konn bezwen on mandingo. Son w mesye un douce un chaut, sauvage, bras a vide. Yo mandingo wi
Yo mandingo, yon neg ki cho (Tankou Brutus, ak Kenny Elsena) Li bòw goute w pa mande rete Li bon nan sa sèlman aprè sa anyen li pa vo
Gason numero kat tanperaman ti men kase Lap fè medam yo ri, pale nan tout kozri Divers Nan tout zafè yo, pote zen ba yo
Sonw neg ki lucky Men wòl misye tande
Tanperaman de sis kole Ki tout tan ap fè yo ri Kap fè tripoytay ak yo Divers Nan tout zafè yo, pote zen ba yo
Gason numero kat la se li k pi du Bato lage
Apiye(3x) Kore m (3x)
Fòw mete gason pou w satisfè fanm ou
Sa m sot di w la li pa gen anyen ki dwòl Son w liv m prete nan men on timoun lekòl
Act like a lady think like a man Wa di m sa w panse my friend Hahaha
Ou ka pote lanmou woy Li pap ase Ou ka pote dola woy Li pap ase