Se konsa, se konsa, se konsa lavi a ye Lè ou vle met chanjman, rezistans tèt chaje Gen 20 an, te g´on jenerasyon k´tap jwe Yon mizik ki pat sanble ak sa k´ te la Manman mwen, papa mwen, tout fanatik Sicot, Nemours
T´ap rele ki kote sa prale? Se konsa, se konsa, se konsa lavi a ye Lè ou vle met chanjman, rezistans tèt chaje Jodia Zenglen nou pran yon lòt chimen Pou nou fè jenerasyon nou an danse Ban n lajwa toulèjou ki pe mennen nou ale lwen E poutan nou pap janm bliye konpa
Zenglen an nou alèz
Oh banou lanmou menm si n´ale lòt bò fwontyè Depi nou la, oh la la, nou ka simen lajwa nan kè tout moun Fidèl, nou vle rete fidèl oh, Zenglen pe fè chimen an Pou nou ale oh la la, epi lanmou epi tandrès Oh al´on lavi, eske ou la pou banm plis tan
Pou nou mate oh la la, epi lanmou epi tandrès Modèst, nou vle rete modèst oh, menm si n monte sou montay la Pout tèt an nou janmè vire, epi lanmou oh la la Pou nou ale, ale chèche yon lòt chimen Una nueva generación, una nueva dirección Oh al´on lavi, eske ou la pou banm plis tan Pou nou mate oh la la, epi lanmou epi tandrès
Wo oh oh
Sa k´ pou pranm pou m bliye music peyi mwen Sa k´a pran m pou m bliye rasin an mwen Sa k´ pou pran m pou m bliye music peyi mwen Sa k´a pran m pou m bliye culture pa mwen Ayisyen nou ye Se Kongo nou ye Men se Kongo nou ye
Se konpa nou jwe Nati Kongo nou ye, nou ye Se konpa nou jwe
Se nèg Nago nou ye, nou ye, nou ye Se konpa nou jwe Wo oh Ra... woh oh oh